Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite kèsyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.

参见章节 复制




Travay 26:3
13 交叉引用  

Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou.


Gouvènè a fè yon sin ak men l pou di Pòl li mèt pale, epi Pòl di: “Gouvènè Feliks, m konnen ou ap jere zafè jistis nan tèt nasyon sa a depi lontan. Se sa k fè m byen kontan pou m defann koz mwen devan w jodi a.


Nou pa vle pran twòp nan tan w met sou li. Men tanpri, pran yon ti pasyans pandan n ap di w kèk mo byen rapid.


Malgre sa, m pa konn kisa pou m di Seza nonm nan fè ki mal. Se poutèt sa m deside fè l konparèt devan nou tout, sitou devan wa Agripa. M espere n ap ka poze l kesyon pou ede m jwenn yon bagay pou m ekri voye bay Seza.


Li di: “Wa Agripa, se avèk anpil kè kontan m ap pran lapawòl jodi a, pou m defann tèt mwen devan w kont tout akizasyon Jwif yo ap plede pote kont mwen yo.


Wa Agripa konnen tout sa m ap di la a, sa fè m kapab pale ak tout libète m devan l. Mwen konnen l tande pale de bagay sa yo, paske yo rive kote tout moun te kapab wè yo.


Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m.


Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo.


Nou tande l ap di Jezi, nonm Nazarèt la, gen pou l kraze Tanp sa a epi l ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.”


Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


跟着我们:

广告


广告