Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Men Bondye te pote m sekou, jouk jodi a li kontinye ap ede m. Bondye soutni m epi li fè m kanpe jodi a pou rakonte tout moun sa m te wè. Mwen sèlman di sa Moyiz ansanm ak pwofèt yo te di ki te genyen pou rive.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Mentou, Bondye toujou pwoteje m jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m sèvi l temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo.

参见章节 复制




Travay 26:22
42 交叉引用  

Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.”


Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri kon sa a.


Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo.


Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.


Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”


Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen.


Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen.


Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.”


Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo.


M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.


M ap voye w kote moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif yo epi m ap pwoteje w devan yo.


Jodi a m kanpe nan tribinal poutèt mwen gen espwa nan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.


Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.


Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa.


Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la.


Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la.


Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo.


Nasyon yo te an kòlè, men kounye a, kòlè pa w rive. Kounye a, jou jijman mò yo rive. Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo, pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo, ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo, piti kou gran. Lè a rive pou ou detwi moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”


Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di: “Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi. Senyè, Bondye toupisan, tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot, ou menm ki wa sou tout nasyon yo!


Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.


跟着我们:

广告


广告