Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Li di: “Wa Agripa, se avèk anpil kè kontan m ap pran lapawòl jodi a, pou m defann tèt mwen devan w kont tout akizasyon Jwif yo ap plede pote kont mwen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a;

参见章节 复制




Travay 26:2
10 交叉引用  

Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm.


Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou.


Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm.


Malgre sa, m pa konn kisa pou m di Seza nonm nan fè ki mal. Se poutèt sa m deside fè l konparèt devan nou tout, sitou devan wa Agripa. M espere n ap ka poze l kesyon pou ede m jwenn yon bagay pou m ekri voye bay Seza.


Agripa di Pòl konsa: “Ou mèt pale kounye a pou defann tèt ou.” Pòl lonje men l pou atire atansyon foul la, epi li kòmanse pale.


Pòl kontinye pale: “Wa Agripa, apre m fin wè yon vizyon kon sa ki sot nan syèl la, mwen obeyi.


Wa Agripa konnen tout sa m ap di la a, sa fè m kapab pale ak tout libète m devan l. Mwen konnen l tande pale de bagay sa yo, paske yo rive kote tout moun te kapab wè yo.


Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m.


Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m.


跟着我们:

广告


广告