Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou tout sot tonbe atè. Lè sa a, mwen tande yon vwa ki di m nan lang Ebre: Sòl, Sòl, pou kisa ou ap pèsekite m? Se tèt ou w ap fè mal lè w ap batay avè m konsa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’

参见章节 复制




Travay 26:14
11 交叉引用  

Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.


Lè Jwif yo tande Pòl ap pale avèk yo nan lang Ebre, yo double silans lan, epi Pòl di yo:


Pandan m te nan wout m prale, bò midi konsa, m wè yon gwo limyè klere nan syèl la, pi klere pase solèy la. Limyè a klere toutotou m ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè m yo.


Mwen di: Ki moun ou ye, Senyè? Senyè a di: Mwen se Jezi. Se mwen ou ap pèsekite a.


Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn.


Èske se jalouzi nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?


跟着我们:

广告


广告