Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Pandan m te nan wout m prale, bò midi konsa, m wè yon gwo limyè klere nan syèl la, pi klere pase solèy la. Limyè a klere toutotou m ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè m yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Antan m te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki sòti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.

参见章节 复制




Travay 26:13
10 交叉引用  

Epi, devan disip yo li te kòmanse transfòme. Figi l te klere tankou solèy. Rad sou li t ap briye tankou limyè.


Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou.


Moun ki t ap vwayaje avè m yo te wè limyè a, men yo pa t tande vwa ki t ap pale avè m nan.


Yon lè, chèf prèt yo te banm pouvwa ak otorite pou m al nan vil Damas.


Nou tout sot tonbe atè. Lè sa a, mwen tande yon vwa ki di m nan lang Ebre: Sòl, Sòl, pou kisa ou ap pèsekite m? Se tèt ou w ap fè mal lè w ap batay avè m konsa.


Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl.


Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.


Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.


跟着我们:

广告


广告