Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pat vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.

参见章节 复制




Travay 26:11
17 交叉引用  

Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg.


Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.


An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li.


Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje.


Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm.


Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.


Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure.


Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”


Mwen di: Senyè, moun yo konnen trè byen se mwen menm ki te konn ap mache nan sinagòg yo pou pouswiv kwayan yo. Se mwen ki te konn ap arete yo met nan prizon epi bat yo byen bat tou.


Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo.


Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a,


Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?


Men se te yon bourik ki te di l sa l t ap fè a pa bon. Yon bourik pa konn pale, se vre, men bourik sa a pale ak yon vwa moun epi li frennen pwofèt la nan zak foli li t apral komèt la.


跟着我们:

广告


广告