Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 26:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 E se sa menm mwen te chache fè nan vil Jerizalèm. Mwen te resevwa otorite nan men chèf prèt yo pou m mete anpil moun nan pèp Bondye a nan prizon. Lè yo te konn ap touye yo, m te konn bay aval mwen paske m te dakò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Se sa m te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo.

参见章节 复制




Travay 26:10
17 交叉引用  

Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo.


Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn. Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.


Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon.


Tout moun ki te tande mesaj Sòl la te sezi. Yo t ap di: “Èske se pa nonm sa a ki t ap eseye detwi disip Kris yo nan Jerizalèm nan? Èske se pa pou menm rezon an li te vin isit la, pou l mare disip Kris yo mennen bay chèf prèt la?”


Apre sa, Sòl ale nan Jerizalèm. Li eseye asosye l ansanm ak lòt disip ki Jerizalèm yo, men disip yo te pè li. Yo pa t kwè Sòl te tounen yon patizan Jezikris toutbon vre.


Pyè menm t ap vwayaje nan tout rejyon ozalantou Jerizalèm. Se kon sa li t al vizite kwayan yo nan lavil Lida.


Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.


Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a.


Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l.


Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris, paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz, ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.


M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.


跟着我们:

广告


广告