Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 24:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.

参见章节 复制




Travay 24:5
32 交叉引用  

Apre sa, Aman ale kote wa Asyeris epi li di l: “Gen yon seri moun ki gaye nan tout pwovens ki nan wayòm ou a epi y ap viv tankou you gwoup separe ki pa mele ak pèsonn. Koutim pa yo diferan ak koutim tout lòt pèp yo. Yo pa vle obeyi okenn lòd wa a pase. Nan ka sa a, se pa yon bon bagay ki nan enterè w non, Majeste, pou ou kite moun sa yo viv kon sa nan wayòm ou.


Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil, nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.


Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”


“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”


Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.


Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”


Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.


Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”


Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.”


Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.”


Lè moun yo tande Pòl di dènye pawòl sa yo, yo tonbe rele byen fò: “Touye nonm sa a! Nou pa fèt pou kite yon moun kon sa viv pami moun.”


M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.


Nou pa vle pran twòp nan tan w met sou li. Men tanpri, pran yon ti pasyans pandan n ap di w kèk mo byen rapid.


Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv.


Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup.


Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”


Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo.


Yo mennen fo temwen tou ki vin di: “Nonm sa a pa sispann pale Tanp sa ki apa pou Bondye a ak lalwa nou an mal.


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete.


N ap sibi soufrans nou pa merite epi se paske nou vle rete fidèl pou Bondye. Si se konsa, se yon bon bagay.


跟着我们:

广告


广告