Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 24:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Gouvènè a fè yon sin ak men l pou di Pòl li mèt pale, epi Pòl di: “Gouvènè Feliks, m konnen ou ap jere zafè jistis nan tèt nasyon sa a depi lontan. Se sa k fè m byen kontan pou m defann koz mwen devan w jodi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Gouvènè a fè Pòl siy pou l pale. Pòl di: — Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen.

参见章节 复制




Travay 24:10
12 交叉引用  

Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou.


Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay kon sa ant ou menm ak frè w?”


Li di yo: “Te gen yon jij nan yon vil. Jij sa a pa t gen okenn respè pou Bondye ni pou pèsonn moun.


Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.


Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri.


Men, poutèt se bagay ki konsènen diskisyon sou mo, sou non moun, diskisyon sou lalwa nou an, se pou nou rezoud pwoblèm nou nou menm. Mwen, m pa vle antre nan jije bagay konsa.”


Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la.


Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.


Prepare kèk cheval tou pou Pòl pou nou ka mennen l bay gouvènè Feliks pou mwen sen epi sof.”


Agripa di Pòl konsa: “Ou mèt pale kounye a pou defann tèt ou.” Pòl lonje men l pou atire atansyon foul la, epi li kòmanse pale.


Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an.


跟着我们:

广告


广告