Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 24:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Senk jou apre, Ananyas, ki te pi gran sakrifikatè a, rive Sezare. Li mennen yon avoka avè l te rele Tètilis ansanm ak kèk ansyen nan lidè Jwif yo. Yo te vin Sezare pou yo te ka akize Pòl devan gouvènè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a. Yo te vin pote plent pou Pòl.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.

参见章节 复制




Travay 24:1
15 交叉引用  

Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo.


Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl.


Ananyas, ki te pi gran sakrifikatè a lè sa a, li te la tou. Lè l tande Pòl di pawòl sa yo, li pase moun ki te toupre Pòl yo lòd pou bay Pòl yon kalòt.


Prepare kèk cheval tou pou Pòl pou nou ka mennen l bay gouvènè Feliks pou mwen sen epi sof.”


Yo te aprann mwen tou te gen kèk Jwif ki t ap marinen yon konplo pou asasinen l. Konsa, m deside voye l ba ou. M di Jwif yo tou pou yo di w ak bouch pa yo kisa yo genyen kont li.


Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt lèt la bay gouvènè Feliks epi yo prezante Pòl ba li.


Lè sa a, li di Pòl: “M ap gen pou tande ka w la lè Jwif k ap akize w yo va rive.” Apre sa, gouvènè a pase lòd pou yo fèmen Pòl nan palè Ewòd la.


Sa fè douz jou depi m te monte Jerizalem pou m al adore Bondye. Ou kapab verifye sa pou wè si se pa vre.


Yo fè Pòl vin prezante devan Feliks, epi Tètilis kòmanse akizasyon an kont Pòl ak pawòl sa yo: “Ekselans, se gras a ou menm nou genyen bonjan lapè sa a. Se gras ak sajès pa w ki fè se sou administrasyon w lan nou jwenn tout bon refòm sa yo pou nasyon an.


Lè m te monte Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo te vin fè depozisyon kont li pou akize l. Yo te menm vle m kondane l amò.


Pandan l nan Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo pote Festis plent pou Pòl.


Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save.


Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun.


跟着我们:

广告


广告