Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 23:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: — Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”

参见章节 复制




Travay 23:9
23 交叉引用  

Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”


Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”


Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”


Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”


Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.


Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”


Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou.


M sot tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?


M vin aprann yo t ap repwoche l kèk bagay, men sa yo se bagay ki gen pou wè ak lalwa yo a, men pa t gen anyen ki pou ta fè nonm sa a merite ni prizon ni lanmò.


Sadiseyen yo pa t kwè ni nan moun mouri gen pou leve, ni nan anj, ni nan espri, epi Farizyen yo te kwè nan tout bagay sa yo.


Lè m tande li, m pa jwenn li koupab de anyen pou l ta merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande koz li. Konsa mwen deside voye l nan lavil Wòm.


epi yo kite sal la. Youn t ap di lòt, “Nonm sa a pa fè anyen pou l ta merite lanmò, pa menm pou mete l nan prizon.”


Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m.


Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.”


Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?”


Èske se jalouzi nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?


跟着我们:

广告


广告