Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 23:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul.

参见章节 复制




Travay 23:12
33 交叉引用  

Lè Madoche vin konn sa, li voye nouvèl la bay rèn Estè. Lè Estè tande sa, li rakonte wa a tout sa nan non Madoche.


Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li.


Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante.


Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”


Te gen plis pase karant Jwif ki t ap prepare konplo sa a kont Pòl.


Jwif sa yo t al jwenn chèf prèt yo ansanm ak ansyen lidè yo, yo di yo: “Nou fè sèman sou tèt nou pou nou pa ni manje ni bwè toutotan nou pa touye Pòl.


Pa kwè yo! Gen plis pase karant Jwif k ap kache pou veye Pòl nan wout la pou yo touye l. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Se tann y ap tann pou w ta di wi w ap mennen Pòl desann.”


Yo te aprann mwen tou te gen kèk Jwif ki t ap marinen yon konplo pou asasinen l. Konsa, m deside voye l ba ou. M di Jwif yo tou pou yo di w ak bouch pa yo kisa yo genyen kont li.


Yo mande Festis pou l fè yo yon favè, pou l voye Pòl tounen Jerizalèm. Yo te mande sa, paske yo te gen plan pou touye Pòl depi nan wout.


Apre yon bon ti tan, kèk Jwif t ap fè plan pou touye Sòl.


Lajounen kou lannuit yo t ap veye pòtay lavil la pou yo te ka touye Sòl. Men, Sòl limenm te gentan pran nouvèl la.


Nenpòt moun ki pa renmen Senyè a, se yon moun ki modi nèt. Senyè, ou mèt vini!


Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.


Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa, moun sa a anba malediksyon”.


Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.


跟着我们:

广告


广告