Travay 23:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil10 Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan. 参见章节1998 Haïtienne10 Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pat dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l tounen nan kazèn lan. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e mennen l nan kazèn nan. 参见章节 |