Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 23:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Pòl fikse je l sou manm Gran Konsèy yo, li di: — Frè m yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”

参见章节 复制




Travay 23:1
17 交叉引用  

Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.


Pòl di foul la: “Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m gen pou m di nou, pou m defann tèt mwen.”


Nan demen, kòmandan ki te toujou swete konnen poukisa Jwif yo t ap akize Pòl la, li pase lòd pou gran prèt la ansanm ak Gran Konsèy Jwif yo reyini. Li fè demare Pòl epi l mete l kanpe devan yo.


Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo.


Kidonk, nou menm, se pou nou aranje nou ak Gran konsèy la pou n al mande kòmandan an pou l mennen Pòl devan nou, sou pretèks nou bezwen poze l kèk kesyon toujou. Nou menm, nou pare pou n gentan touye l depi nan wout, anvan menm li rive devan nou.”


Neve Pòl la di kòmandan an konsa: “Gen kèk Jwif ki deside mande w pou mennen Pòl devan Gran konsèy Jwif yo demen sou pretèks yo bezwen poze l kèk kesyon toujou.


M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo.


Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”


Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.


Tout manm Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Pandan y ap gade l konsa, yo wè figi l sanble ak figi yon anj Bondye.


Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an.


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè.


Kontinye priye pou nou. Nou gen yon konsyans ki klè, paske nou toujou eseye fè sa ki pi byen.


Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.


跟着我们:

广告


广告