Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 22:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen ta pral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.

参见章节 复制




Travay 22:5
21 交叉引用  

Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo.


Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou.


Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou.


Pòl di foul la: “Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m gen pou m di nou, pou m defann tèt mwen.”


Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.”


Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”


E se sa menm mwen te chache fè nan vil Jerizalèm. Mwen te resevwa otorite nan men chèf prèt yo pou m mete anpil moun nan pèp Bondye a nan prizon. Lè yo te konn ap touye yo, m te konn bay aval mwen paske m te dakò.


M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.


Yon lè, chèf prèt yo te banm pouvwa ak otorite pou m al nan vil Damas.


Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo.


Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou.


Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen.


Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm.


Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.


Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”


Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l.


Kanta zèl pou relijyon Jwif la, mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen.


Pa neglije sèvi ak don ou genyen an, don ou te resevwa pa mwayen pwofesi yo, lè ansyen yo te poze men yo sou tèt ou a.


跟着我们:

广告


广告