Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 22:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 “Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 — Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen kounyeya pou Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.

参见章节 复制




Travay 22:3
27 交叉引用  

Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo.


Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou.


Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz.


Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l al chache Sòl.


Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a: Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa, voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.


Yo vwayaje nan tout peyi Siri ak Silisi, yo t ap ede legliz yo vin pi solid.


Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou.


Pòl reponn li: “Mwen menm mwen se yon Jwif ki soti lavil Tas, nan peyi Silisi. Se la m soti, nan yon vil ki gen kalite bon renome w konnen an. Silvouplè, ban m pèmisyon pou m pale ak pèp la.”


Lè Feliks fin li lèt la, li mande Pòl: “Nan ki pwovens ou soti?” Gouvènè a vin aprann Pòl soti Silisi.


Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”


Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup.


Te gen yon lè, mwen menm tou, m te kwè m dwe fè tout sa m kapab pou m fè opozisyon kont non Jezi, nonm Nazarèt la.


Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a.


Malgre sa, te gen yon gwoup moun ki leve kont li. Se yon gwoup moun ki soti nan sinagòg yo te rele sinagòg ansyen esklav yo. Ladan yo, te gen Jwif ki soti lavil Sirèn, sa k soti Aleksandri, sa k soti nan peyi Silisa ak lòt ki soti nan Lazi. Yo tout te tonbe fè diskisyon ak Etyèn.


Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a,


Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la.


Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas.


“Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen.


Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou.


Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.


Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi.


跟着我们:

广告


广告