Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 22:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Kounye a, kisa w ap tann ankò? Leve non, resevwa batèm. Mete konfyans ou nan Kris la pou peche w yo kapab lave.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Kounyeya, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.

参见章节 复制




Travay 22:16
19 交叉引用  

Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!” Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”


Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li nan Senyè a va sove.


Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou.


Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.”


Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”


Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li.


n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a, Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.


Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay nou tout.


Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.


Nou tout ki te batize nan Kris nou te abiye ak Kris.


Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li.


li te sove nou, paske li fè nou gras. Se pa paske nou te fè anyen pou sa. Li te lave peche n yo fè n vin pwòp, li ban nou nouvo lavi pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.


Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.


Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò.


跟着我们:

广告


广告