Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 22:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Yon nonm yo te rele Ananyas te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 — Nan Damas, te gen yon nonm yo te rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan lalwa mande a. Tout jwif Damas te konsidere li anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo

参见章节 复制




Travay 22:12
10 交叉引用  

Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon.


Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.”


Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, kon sa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou.


Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a.


Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li.


Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a.


Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.


Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa.


Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.


跟着我们:

广告


广告