Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.

参见章节 复制




Travay 21:8
18 交叉引用  

Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali.


Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.


Nan jou repo a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la.


Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan.


Lè l rive Sezare, Pòl monte al vizite legliz la, apre sa, li desann Antyòch.


Nou menm, nou te pran devan Pòl pa bato pou al toudwat nan vil Asòs kote nou te gen pou n rankontre ak Pòl. Paske Pòl li menm te deside vini Asòs apye.


Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la.


Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.


Kòmandan an rele de (2) ofisye lame a epi li di yo: “Prepare 200 sòlda, 70 kavalye ansanm ak 200 gèrye ame ak lans pou yo pati pou lavil Sezare aswè a menm a nevè diswa.


Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen.


Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.


Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris.


Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas.


Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la.


Men ou menm, kontwole tèt ou byen nan tout bagay. Sipòte soufrans, travay nan anonse Levanjil. Travay pou w yon bon sèvitè.


跟着我们:

广告


广告