Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.

参见章节 复制




Travay 21:16
15 交叉引用  

Nan demen ankò, mesye yo rive Sezare. Kònèy menm t ap tann yo. Li te gentan rasanble tout fanmi l ansanm ak kèk zanmi li tou.


Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.


Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman.


Sa te lakoz yon gwo diskisyon leve ant Pòl ak Banabas. Bagay la te tèlman serye, mesye yo oblije separe. Banabas pati nan direksyon lil Chip ansanm ak Jan Mak.


Apre yo fin pase yon bon tan ap egzamine kesyon an, Pyè kanpe, li di yo: “Frè m yo, m konnen nou konnen byen kisa k te pase depi lontan. Nou konnen Bondye te chwazi m pami nou pou m anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa Jwif yo. Se nan bouch mwen menm yo te tande Bòn Nouvèl la epi yo te kwè nan Bondye.


Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan.


Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”.


Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.


Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li


men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la.


跟着我们:

广告


广告