Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 21:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l ak de men pa l yo, epi li di: — Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a. Apre sa, y'ap lage l nan men moun lòt nasyon yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”

参见章节 复制




Travay 21:11
34 交叉引用  

Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.


Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”


Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a.


Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la.


Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?”


Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo.


Pandan yo t ap mare Pòl pou y al bat li, li di yon ofisye ki te la: “Èske nou gendwa bat yon sitwayen Women okenn tribinal pa kondane?”


Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.


Pòl di, “Kit sa ta fasil, kit sa pa ta fasil, se menm bagay. Mwen sèlman priye Bondye pou se pa ou menm sèlman, men tout moun k ap koute m jodi a tou, pou nou tout ta vin menm jan avè m, eksepte chenn sa yo ki sou mwen an.”


Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo.


Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”


Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:


Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.”


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.


Sentespri a fè eksprè, lè l di: nan dènye tan yo, gen moun k ap abandone lafwa. Y ap koute pito move lespri k ap twonpe yo ansanm ak anpil doktrin ki soti nan demon yo.


Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon.


Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.


Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la: “Si w tande vwa Bondye jodi a,


Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.


跟着我们:

广告


广告