Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 20:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesay Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l epi l dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li sòti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l, li te mouri frèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.

参见章节 复制




Travay 20:9
9 交叉引用  

Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi.


Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.”


Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri.


Lè sa a, Pòl desann, li bese bò kot kadav Etikis la, li pran kadav la nan bra li, epi l di: “Nou pa bezwen fatige kò nou, paske li vivan.”


Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui.


Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan.


跟着我们:

广告


广告