Travay 20:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui. 参见章节1998 Haïtienne7 Premye jou nan senmenn lan, nan aswè, nou te reyini pou nou manje ansanm. Pòl t'ap pale ak moun ki te rasanble yo. Li te gen pou li pati bonè denmen maten. Li te minwi, li t'ap pale toujou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. 参见章节 |
Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.