Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 20:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Rive la, li pase twa mwa. Li ta pral pran batiman pou peyi Siri lè li vin aprann jwif yo t'ap pare pèlen pou li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwàn ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.

参见章节 复制




Travay 20:3
19 交叉引用  

Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.


Apre sa, n ale nan vil Filip. Vil Filip la te premye vil nan rejyon Masedwàn nan. Se te yon koloni ki te anba pouvwa lavil Wòm. Nou te pase plizyè jou nan vil la.


Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!”


Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve ak Bondye yon.


Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.”


Lè ajitasyon yo te sispann, Pòl mande pou l wè ak kwayan yo. Apre l fin ankouraje yo, li di yo orevwa epi l pati pou Masedwàn.


Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite.


Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès.


Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a.


Yo mande Festis pou l fè yo yon favè, pou l voye Pòl tounen Jerizalèm. Yo te mande sa, paske yo te gen plan pou touye Pòl depi nan wout.


Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon.


Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.


Lè nou te rive Masedwàn, nou te san repo. Pwoblèm te sènen nou toupatou. Sou deyò nou te fè fas ak gwo batay. Anndan, te gen anpil krentif nan kè nou.


Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi.


跟着我们:

广告


广告