Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 20:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesay. Apre sa, li pati, l'ale Lagrès.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.

参见章节 复制




Travay 20:2
17 交叉引用  

Jan te di anpil lòt bagay kon sa toujou pou l ankouraje pèp la viv lavi yo yon lòt jan. Li t ap preche pèp la bòn nouvèl levanjil la.


Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.”


Yo vwayaje nan tout peyi Siri ak Silisi, yo t ap ede legliz yo vin pi solid.


Apre sa, n ale nan vil Filip. Vil Filip la te premye vil nan rejyon Masedwàn nan. Se te yon koloni ki te anba pouvwa lavil Wòm. Nou te pase plizyè jou nan vil la.


Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg.


Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo.


Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.”


Lè ajitasyon yo te sispann, Pòl mande pou l wè ak kwayan yo. Apre l fin ankouraje yo, li di yo orevwa epi l pati pou Masedwàn.


Lè Pòl retounen monte, li kase pen an epi li manje. Apre sa, li kontinye pale lontan ak moun yo toujou. Li te gentan prèske fin jou lè Pòl fin pale ak yo, apre sa l ale.


Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn.


Si Bondye vle, mwen p ap pran lontan pou m vini wè nou. Lè sa a m a konnen si moun sa yo ka fè yon bagay valab oswa si se bèl pawòl ase yo genyen.


Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la.


Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt.


Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn.


Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou.


跟着我们:

广告


广告