Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 20:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l pat pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te rive Jérusalem, si se te posib nan jou Fèt Lapannkot la.

参见章节 复制




Travay 20:16
17 交叉引用  

Pyè frape nan pòt devan an, epi yon sèvant yo rele Wod vin reponn.


Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a.


Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo.


Pandan l ap kite yo, li di: “Si Bondye vle, m ap tounen vin wè nou.” Konsa, li pati kite Efèz nan batiman.


Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris.


Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.”


Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote.


Nou menm, nou te pran devan Pòl pa bato pou al toudwat nan vil Asòs kote nou te gen pou n rankontre ak Pòl. Paske Pòl li menm te deside vini Asòs apye.


Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a.


Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou.


Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi.


Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la.


Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo.


Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an. Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt.


Men, pou kounye a, mwen ap rete Efèz jiska fèt Pannkot la,


跟着我们:

广告


广告