Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te sòti nan tout peyi sou latè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la.

参见章节 复制




Travay 2:5
17 交叉引用  

Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.


Menm jan yon kout zèklè flache travèse syèl la, soti sou yon bò al sou lòtbò a, se kon sa sa ap ye pou Pitit Lòm nan jou l ap retounen an.


Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon.


Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”


Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la.


Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan.


Lè anj lan fin pale kon sa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou.


Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote.


Yon nonm yo te rele Ananyas te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li.


Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li.


Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik. Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


跟着我们:

广告


广告