Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:39 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

参见章节 复制




Travay 2:39
41 交叉引用  

Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou.


Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.”


Simon Pyè gentan di nou kijan Bondye te montre amou li anvè moun ki pa Jwif yo, depi lontan, pou l chwazi pami yo yon pèp ki pote non li.


Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo.


Bondye konnen tout sa k nan kè moun, epi li menm li aksepte moun ki pa Jwif yo. Li montre nou li aksepte yo nan ba yo Sentespri a menm jan li te ban nou l lan.


Panse Bondye pa janm chanje konsènan pèp li te chwazi a. Li pa t janm deside retire benediksyon li te ba yo.


Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.


Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou.


Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo.


Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye.


M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl.


Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis.


Menm jan Bondye rele nou pou nou gen yon menm esperans lan, li rele nou tou pou nou fè yon sèl kò epi pou nou genyen yon menm Sentespri.


Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen.


Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.


Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.


Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid.


Poutèt sa, frè ak sè m yo, fè jefò pi plis pou nou ka konfime apèl ak chwa Bondye te fè pou nou an. Si nou fè sa konsa, nou p ap janm tonbe.


Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li.


Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”


Zanj lan di m konsa: “Ekri sa: Byennere moun ki envite nan resepsyon fèt maryaj Ti Mouton an.” Epi li ajoute: “Se Bondye, limenm, ki di pawòl sa yo.”


跟着我们:

广告


广告