Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Konsa, disip yo wè yon bann bagay ki tankou ti flanm dife ki te detache youn ak lòt epi y al chita youn pa youn sou tèt chak moun ki te la yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak.

参见章节 复制




Travay 2:3
18 交叉引用  

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi.


Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”


Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”


Sanzatann konsa, yon gwo bri soti nan syèl la, tankou yon gwo van k ap soufle ak raj, epi li ranpli tout kay kote yo te chita a.


Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.


M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”


Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp.


跟着我们:

广告


广告