Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 paske ou p ap kite m nan tonbo a, ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Paske, ou p'ap kite m kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.

参见章节 复制




Travay 2:27
26 交叉引用  

Mwen te nan fon lanmè a, kote mòn yo kòmanse, nan fon kote mò yo ye a. Mwen panse m te fèmen anba latè pou tout tan, men, SENYÈ Bondye m nan retire m tou vivan nan tonm lan.


E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la.


“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”


Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye.


Pandan nonm rich la te kote mò yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt.


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a.


Jezi di: “Retire wòch la!” Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”


Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m, epi bouch mwen ap chante lwanj. Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,


Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò. Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.


David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale kon sa konsènan rezireksyon Kris la. Li di: Bondye pa t kite l kote mò yo ye a, Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.


Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl ban nou olye pou l ta lage Jezi.


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme.


Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote zam ou?”


Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a.


Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.


Lanmè a te remèt mò ki te ladan l yo. Lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo remèt mò pa yo tou, epi yo te jije yo dapre sa yo te fè.


Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.


跟着我们:

广告


广告