Travay 2:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 参见章节1998 Haïtienne23 Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 参见章节 |
Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.