Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Solèy la pral vin tou nwa. Lalin nan pral vin wouj tankou san anvan jou Senyè va rive. Se yon gwo jou, yon jou gloriye jou sa va ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, avan gran jou mèvèy Senyè a vini.

参见章节 复制




Travay 2:20
25 交叉引用  

Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a, Solèy la ap vin tou nwa, lalin nan ap sispann klere, zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe, epi puisans nan syèl yo pral tranble.


Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a.


Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a, Solèy la pral vin tou nwa, lalin nan ap sispann klere.


Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape.


Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, ak gwo mirak anba sou latè. Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen.


Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li nan Senyè a va sove.


Livre nonm nan bay Satan, pou lachè a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.


Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit.


Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


Katriyèm anj lan vide koup pa l la sou solèy la. Solèy la jwenn pouvwa pou l boule moun ak dife.


Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san.


跟着我们:

广告


广告