Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive: M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize. Jenn gason nou yo va fè vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.

参见章节 复制




Travay 2:17
38 交叉引用  

Tout moun gen pou yo wè jan Bondye ap delivre nou!”


menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl.


Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.


Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou.


Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch.


Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè).


Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri:


Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo epi yo tout ap pwofetize.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi.


Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Lajan ak lò nou yo fin wouye. Epi se lawouy sa a ki pral temwanye kont nou. Li pral devore kò nou menm jan ak yon dife. N ap ranmase richès, poutan lemonn pral fin i!


Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.


跟着我们:

广告


广告