Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 2:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki sòti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”

参见章节 复制




Travay 2:11
36 交叉引用  

Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou.


Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?”


Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.


Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la.


Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang.


Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.


Konsa, Aga se menm jan ak mòn Sinayi. Alaverite, mòn Sinayi se yon mòn nan peyi Arabi. Men Aga reprezante vil Jerizalèm nan moman m ap ekri nou la a. Vil sa se yon esklav, epi tout moun ladan l se esklav Lalwa a.


Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa: “Moun Krèt, toujou fò nan bay manti. Yo pa miyò pase bèt mawon mechan. Sèl sa yo konnen, se manje, men yo pa janm vle travay.”


Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm:


Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.


跟着我们:

广告


广告