Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la.

参见章节 复制




Travay 19:9
39 交叉引用  

Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”


Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.


Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m?


“Li fè yo avèg epi li fè kè yo di pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann nan kè yo, pou yo pa ta vire vin jwenn mwen, pou m ta geri yo.”


Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.


Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.


Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, kon sa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou.


Pandan tan sa a, te vin gen gwo latwoublay nan Efèz konsènan Chemen Kris la.


Pòl te vle parèt devan pèp la pou pale avèk yo, men kwayan yo te anpeche l fè sa, paske yo pa t dakò.


Kidonk, veye! Toujou sonje pandan twa zan m te nan mitan nou an, se avèk dlo nan je m te toujou ap avèti nou tout, lajounen kou lannuit.


Mwen te pèsekite moun ki t ap swiv chemen Kris la. Gen ladan yo yo touye poutèt mwen menm. Mwen te konn mache arete fi kou gason pou mete yo nan prizon.


Lè m te kanpe devan yo a, men sèl sa m te di: Se paske mwen kwè mò yo gen pou resisite ki fè yo rele m nan jijman devan nou jodi a.”


Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”


Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se kon sa nou ye tou.


epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm.


Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann.


Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.


paske Bondye ouvri devan m kèk pòt opòtinite pou yon ministè ki gran epi efikas. An menm tan tou gen anpil opozisyon.


Sa lakoz moun ki gen lespri sal epi ki pa konprann verite a, y ap fè yon bann diskisyon san fen. Yo panse lè yon moun pretann sèvi Bondye se yon fason pou yo vin rich.


Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”, se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.


Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo.


Anpil moun pral swiv yo nan fè sa k pa bon. Epi yo menm ak lòt moun pral pase chemen verite a nan betiz.


Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt.


跟着我们:

广告


广告