Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 19:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.

参见章节 复制




Travay 19:1
16 交叉引用  

Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent.


Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.


Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi.


Epoutan, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou tou kijan nonm yo rele Pòl la ap fè kanpay kont nou. L ap ankouraje foul la pou yo chanje relijyon yo. Se pa sèlman nan Efèz, men se nan tout rejyon Lazi a nèt l ap mache di dye moun fè ak men yo se pa Bondye yo ye vre.


Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib.


Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a.


(Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.)


Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!”


Mwen te batay ak bèt sovaj nan vil Efèz. Si nou konsidere l nan jan nou menm lèzòm gade bagay, kisa l itil mwen, si pa gen rezirèksyon pou moun ki mouri? Si se konsa, “An nou manje, an nou bwè paske demen n ap mouri.”


Kanta Apolòs, frè nou an, malgre tout ankourajman mwen eseye ba li pou l ta vizite nou ansanm ak lòt frè yo, li prefere pa fè l pou kounye a. L ap tann yon lòt opòtinite.


Men, pou kounye a, mwen ap rete Efèz jiska fèt Pannkot la,


Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt.


Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris, paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz, ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.


跟着我们:

广告


广告