Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Pòl te fè yon vizyon, nan mitan lannuit. Li wè Senyè a ki di li: “Ou pa bezwen pè! Ou mèt kontinye pale ak pèp la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki di li: — Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans;

参见章节 复制




Travay 18:9
17 交叉引用  

“Leve, ale Niniv, gran vil la, epi bay mesaj mwen ba ou a.”


Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!”


Mwen menm mwen avè w. Pèsonn p ap ka mete men sou ou pou fè w mal, paske m gen anpil anpil moun nan vil sa a.”


M wè Senyè a parèt devan m, li di m: Prese kite Jerizalèm kounye a menm. Moun Jerizalèm yo p ap aksepte verite temwanyaj w ap bay pou mwen an.


Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se kon sa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”


Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!” Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.”


Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a.


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


跟着我们:

广告


广告