Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Senyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.

参见章节 复制




Travay 18:8
25 交叉引用  

Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l.


Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”


Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan.


Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.


Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl.


Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.


Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent.


Lè sa a, yo pase men pran Sostèn ki te chèf Sinagòg la, yo tout tonbe bat li byen bat, la devan tribinal la. Men, sa pa t fè Galyon ni cho ni frèt.


Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris.


Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm.


n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a, Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Zanmi m yo nan Korent, nou pale ak senserite. Nou louvri kè nou ba ou.


Oras rete nan Korent. Mwen kite Twofim tou malad a Milè.


跟着我们:

广告


广告