Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l. Lè l wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l di yo: — Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi kounyeya m'ap vire kò m bò kote moun ki pa jwif yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”

参见章节 复制




Travay 18:6
37 交叉引用  

Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.


Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”


Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.


Sèvitè wa a soti nan lari a, yo ranmase tout moun yo te jwenn, bon moun tankou move moun. Konsa resepsyon an te vin plen moun.


Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”


M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la.


Epi yo te di l anpil lòt move pawòl ankò.


Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”


Konsa, Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou moun yo, epi yo pati al nan vil Ikonyòm.


M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.


Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou.


Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!”


Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou.


Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.


Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a.


Si yo joure nou paske n ap mache ak Kris, nou se moun beni. Lè sa rive, sa montre Lespri Bondye ki chaje ak glwa a avèk nou.


Kounye a, moun sa yo wè sa dwòl paske nou pa mele avèk yo nan vye lavi y ap mennen an ak nan bagay sal y ap fè yo. Se sa k fè y ap pale nou mal.


跟着我们:

广告


广告