Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 18:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l devan tribinal la,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.

参见章节 复制




Travay 18:12
27 交叉引用  

Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”


Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre.


Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.


Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a.


Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la.


Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri.


Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.


Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj.


Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la.


Konsa, Pòl pase ennan edmi ap anseye mesaj Bondye a nan mitan pèp la.


Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye.


Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.”


Pòl reponn: “Kote m kanpe a la a, se devan tribinal Seza m kanpe. Se la pou m jije. M pa fè Jwif yo anyen ki mal, m konnen ou konn sa.


Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo.


Salye legliz ki reyini lakay yo a tou. M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.


Nou konnen Estefanas ak fanmi li pami premye moun ki te aksepte Kris nan pwovens Akayi. Yo konsakre lavi yo pou yo sèvi pèp Bondye a. Konsa, sa m ap mande nou, frè m ak sè m yo,


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a.


Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.


Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay.


Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete.


Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.


Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre?


跟着我们:

广告


广告