Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l soufri, li te gen pou l te leve sòti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: — Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”

参见章节 复制




Travay 17:3
16 交叉引用  

Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo.


Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò.


Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan.


Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.


Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre.


Men, Bondye te gentan anonse tout bagay sa yo deja pa mwayen pwofèt li yo depi lontan. Li te gentan di Kris la te gen pou l soufri epi mouri, se bagay sa yo ki rive vre.


Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l.


Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?


跟着我们:

广告


广告