Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y'al nan sinagòg jwif yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.

参见章节 复制




Travay 17:10
16 交叉引用  

Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil.


Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg.


Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba.


Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, kon sa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou.


Lè yo pa jwenn Pòl ak Silas, yo trennen Jazon ansanm ak kèk lòt frè devan chèf yo k ap dirije vil la. Yo t ap rele pou di chèf yo konsa: “Mesye k ap mache boulvèse tout kote ki gen moun k ap viv sou latè yo rive isit la tou!


Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi.


San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”


Yon lè, nan mitan lannuit, kèk nan patizan Sòl yo te ede l sove kite vil la. Yo mete l nan yon panye epi yo file l desann dèyè miray lavil la.


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


跟着我们:

广告


广告