Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 17:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.

参见章节 复制




Travay 17:1
13 交叉引用  

Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a.


Paske depi lontan gen moun k ap anseye lalwa Moyiz la nan tout vil yo. Chak jou saba, yo li lalwa a nan sinagòg yo.”


Nan jou repo a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la.


Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo.


Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre.


Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj.


Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi.


Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou.


Plizyè fwa nou voye anpil bagay pou ede mwen, lè m te lavil Tesalonik.


Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a. Gras ak lapè Bondye avèk nou!


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè a.


Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi.


跟着我们:

广告


广告