Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 16:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Sentespri pat kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sa k fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie.

参见章节 复制




Travay 16:6
31 交叉引用  

Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye.


Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an toujou lè Sentespri a di li: “Koute, gen twa mesye k ap mande pou ou.”


Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou.


Lè yo rive devan lavil Mizi, yo te gen entansyon ale nan Bitini; men, Lespri Jezikris a pa t pèmèt yo ale la.


Apre Pòl fin pase yon tan nan vil Antyòch, li pati ankò al nan peyi Galasi ak Friji. Li pase de vil an vil nan peyi sa yo ap ede kwayan yo vin pi fèm nan lafwa yo.


Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a.


Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib.


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi.


Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl.


Malgre sa, te gen yon gwoup moun ki leve kont li. Se yon gwoup moun ki soti nan sinagòg yo te rele sinagòg ansyen esklav yo. Ladan yo, te gen Jwif ki soti lavil Sirèn, sa k soti Aleksandri, sa k soti nan peyi Silisa ak lòt ki soti nan Lazi. Yo tout te tonbe fè diskisyon ak Etyèn.


Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.”


Salye legliz ki reyini lakay yo a tou. M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.


Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.


Kounye a, konsènan ofrann n ap ramase pou pèp Bondye a, m ap mande nou pou nou fè menm jan m mande legliz Galasi yo fè.


Legliz ki nan pwovens Lazi yo voye salitasyon pou nou. Akilas ak Prisil salye nou nan non Senyè a. Legliz ki reyini lakay yo a voye salitasyon pa yo tou.


Frè m ak sè m yo, nou vle fè nou konnen ki valè soufrans nou te rankontre nan Lazi. Nou te jwenn plis pase sa nou ka sipòte, jouktan nou te menm panse nou pa t ap viv ankò.


Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi yo.


Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?


Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen.


Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi.


Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale.


Se mwen menm Pyè, apot Jezikris, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.


Vwa a te di konsa: “Sa ou wè a, ekri l nan yon liv pou voye l bay sèt egliz yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi epi Lawodise.”


Se Jan k ap ekri voye bay sèt legliz ki nan zòn Azi a: Gras ak lapè Bondye pou nou, limenm ki la, ki te toujou la, epi ki nan wout ap vini an, ansanm ak sèt espri Bondye yo ki devan twòn li a,


跟着我们:

广告


广告