Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 16:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pòl te vle pran Timote pou fè vwayaj la ak li. Men anvan l te fè sa, li te sikonsi Timote, paske tout Jwif nan peyi a te konnen papa Timote se te Grèk.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Pòl te vle mennen l avèk li. Li pran l, li sikonsi l paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.

参见章节 复制




Travay 16:3
10 交叉引用  

Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou: Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san.


Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la.


Pòl li menm chwazi Silas pou ale avè l. Apre kwayan yo fin priye pou mande Bondye akonpanye yo ak gras li, Pòl ak Silas pati.


Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye.


Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa.


Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi.


Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo.


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Nou konnen ki moun Timote ye byen. Li te fè ministè preche Levanjil avè m tankou yon pitit ta fè ak papa l.


跟着我们:

广告


广告