Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 16:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Yon jou nou ta pral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo.

参见章节 复制




Travay 16:16
21 交叉引用  

Nan jou repo a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la.


Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li.


Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo.


Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a.


sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri.


Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.


Se menm jan ak Janès epi Janbrès nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen.


Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.


跟着我们:

广告


广告