Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: — Se pou n sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”

参见章节 复制




Travay 15:5
14 交叉引用  

Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an?


Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la, li pa kapab sove.”


Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa.


Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou.


M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.


Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo.


Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”


Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo.


Ou te gen tan sikonsi lè Bondye te rele w, pa chache fè operasyon pou defèt sikonsizyon an. Ou pa t sikonsi lè Bondye te rele w pa chache sikonsi.


Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon.


Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?


跟着我们:

广告


广告