Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Fenisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.

参见章节 复制




Travay 15:3
27 交叉引用  

Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”


Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la.


Disip nan vil Antyòch yo menm te gen anpil kè kontan epi Sentespri a te ranpli yo.


Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.”


Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la, li pa kapab sove.”


Apre sa, tout gwoup la rete an silans epi Banabas ak Pòl rakonte yo tout mirak ak tout bèl bagay Bondye pèmèt yo fè nan mitan moun ki pa Jwif yo.


Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil.


Jid ak Silas, ki te pwofèt tou, te pase bon tan ap preche kwayan yo pou rekonfòte yo ak pou fè lafwa yo vin pi solid.


Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.


Frè ki nan Bere yo ki te akonpanye Pòl yo te mennen l jouk nan vil Atèn. Apre sa, yo retounen ak yon mesaj pou Silas ak Timote pou di yo pou yo degaje yo al jwenn Pòl kote l ye a, pi vit posib.


Sa k te fè yo plis lapenn nan, se lè Pòl di yo p ap janm wè l ankò a. Apre sa, yo kondui Pòl rive jouk sou batiman an pou di l orevwa.


Men, lè tan nou t ap pase a fin i, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye.


Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis ak Twa Otèl. Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.


Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo.


M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.


Mwen pa vle tande okenn moun ta refize ede l. Okontrè ba li tout mwayen ki nesesè pou l ka tounen vin jwenn mwen anpè. M ap tann li ansanm ak lòt frè yo.


Mwen ka byen rete pou yon ti tan. Li menm posib mwen ka menm pase tout livè avèk nou. Apre sa nou va ban m mwayen pou m kontinye wout mwen, nenpòt kote m prale.


Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a.


Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo.


跟着我们:

广告


广告