Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 15:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Non, nou kwè se gras Senyè Jezi fè nou ki fè nou sove. Se menm jan an tou pou moun lòt nasyon yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Okontrè, n'ap repete li ankò: Se favè Jezikri fè nou kifè nou sove, menm jan li fè yo favè a tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”

参见章节 复制




Travay 15:11
14 交叉引用  

Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris.


Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikris. Li bay anpil moun li san mezire.


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Gras Senyè Jezi nou an avè w!


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil.


Nou konnen Bondye pa deklare yon moun dwat devan l paske moun sa a fè sa lalwa mande. Men, se poutèt fidelite Kris la ki fè Bondye kapab aksepte nou. Se poutèt sa, nou menm Juif yo tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikris pou Bondye te kapab deklare nou dwat devan l. Se pa t lalwa nou te obsève, paske pa gen okenn moun Bondye ap deklare dwat devan l paske li fè sa lalwa mande.


Se kon sa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


跟着我们:

广告


广告