Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 14:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Yo pa t sispann anonse Bòn Nouvèl la tout kote sa yo nonplis.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Yo t'ap anonse bòn nouvèl la, la tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi la Yo te kontinye preche bòn nouvèl la.

参见章节 复制




Travay 14:7
8 交叉引用  

Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman.


Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.


Pòl ak Banabas preche Bòn Nouvèl la nan lavil Dèb tou, epi anpil moun te aksepte swiv Jezikris. Apre sa, yo retounen pase nan vil Lis, nan Ikonyòm ak nan vil Antyòch nan Pisidi.


Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.


Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba.


Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


跟着我们:

广告


广告